Ale dirèk nan kontni an
AYITISKILL

Sou nou

AYITISKILL se kote talan dijital ayisyen ak kliyan rankontre.

Poukisa AYITISKILL

Gen anpil jèn ayisyen ki gen bèl konpetans dijital: design, montaj videyo, sit entènèt, ekriti, tradiksyon, mizik. Souvan, se lè yon moun konnen yon moun ki konnen yon moun yo jwenn travay.

AYITISKILL vle chanje sa: yon kote kliyan ka wè travay yon moun deja fè, konpare, epi kontakte l dirèkteman, an Kreyòl, an Fransè oswa an Anglè.

Sa nou kwè

  • Onètete

    pa gen fo pwofil, fo avi ni fo chif sou sit la. Tout sa w wè soti nan vrè itilizatè.

  • Respè

    règ kominote yo aplike pou tout moun, epi move mo bloke otomatikman.

  • Sekirite

    verifikasyon idantite, verifikasyon 2 etap, pwoteksyon kont fwod, ak yon ekip ki li chak rapò.

  • Kreyòl an premye

    sit la fèt pou moun ann Ayiti ak nan dyaspora a, nan lang yo pale chak jou.

Kote nou ye kounye a

AYITISKILL fèk lanse epi li an vèsyon beta. N ap amelyore l chak semèn, sitou ak sa itilizatè yo di nou.

Kounye a sit la mete moun an kontak epi l ede yo swiv pwojè yo. Li pa jere peman ant kliyan ak talan.

Ann bati l ansanm

Yon ide, yon pwoblèm, oswa ou vle travay avèk nou? Ekri nou.