Ale dirèk nan kontni an
AYITISKILL

Sant èd

Repons pou kesyon moun poze plis yo. Ou pa jwenn sa w ap chèche? Ekri nou.

Jeneral

  • Kisa AYITISKILL ye?

    Se yon platfòm ki mete talan dijital ayisyen (design, montaj videyo, sit entènèt, ekriti, mizik, elatriye) an kontak ak kliyan ann Ayiti ak toupatou. Kliyan yo jwenn yon pwofesyonèl, talan yo jwenn travay.

  • Èske li gratis?

    Wi. Kreye yon kont, mete yon pwofil, pibliye yon travay, aplike ak voye mesaj: tout gratis. Sèl sa ki peye se opsyon «An vedèt», pou moun ki vle parèt an premye, epi li pa obligatwa.

  • Ki lang sit la pale?

    Kreyòl, Fransè ak Anglè. Chanje lang nan an lè paj la. Ou ka ekri rechèch ou nan nenpòt nan twa lang yo.

  • Kiyès ki ka itilize AYITISKILL?

    Tout moun ki gen omwen 18 an. Ou bay dat nesans ou lè w kreye kont ou, epi chak moun gen dwa a yon sèl kont.

  • Èske m ka mete l sou telefòn mwen tankou yon aplikasyon?

    Wi. Sou paj la, peze «Enstale aplikasyon an» (oswa sou iPhone: bouton Pataje, apre «Sou ekran akèy»). Apre sa ou ka aktive notifikasyon sou telefòn ou nan Paramèt.

Pou kliyan

  • Kijan pou m jwenn yon talan?

    Ale nan «Jwenn yon talan», ekri sa w bezwen oswa chwazi yon kategori. Gade pòtfolyo, pri ak avi yo, epi voye yon mesaj oswa yon demann pri.

    Ale →
  • Kijan pou m pibliye yon travay?

    Konekte, ale nan Tablo bò a, epi peze «Pibliye yon travay». Dekri travay la, bidjè a ak dat la. Talan yo ap aplike, epi w ap resevwa yon notifikasyon.

    Ale →
  • Kijan peman an fèt?

    Kounye a, AYITISKILL pa jere peman. Kliyan an ak talan an mete yo dakò sou pri a ak fason pou peye a. Mete akò a nan pwojè a pou li rete ekri, epi pa janm voye tout lajan an davans bay yon moun ou poko konnen.

  • E si m travay ak yon talan andeyò sit la?

    Ou gen dwa, men AYITISKILL pa responsab travay, peman oswa akò ki fèt andeyò platfòm nan, epi ekip la pa p ka ede w si gen yon pwoblèm. Ou p ap ka kite yon avi pou travay sa a non plis. Pou w pwoteje, fè akò a nan yon pwojè sou sit la.

  • Kiyès ki ka kite yon avi?

    Sèlman yon kliyan ki gen yon pwojè sou AYITISKILL ak talan an, e ki livre oswa fini. Pwojè a kòmanse otomatikman lè ou anboche talan an oswa lè l aksepte demann pri ou. Travay ki fèt andeyò platfòm nan pa ka gen avi.

Pou talan

  • Kijan pou m kreye pwofil talan mwen?

    Kreye yon kont kòm talan, ranpli pwofil ou (non, tit, deskripsyon, kategori, pri), ajoute pi bon travay ou nan pòtfolyo a, epi pibliye pwofil la.

    Ale →
  • Poukisa moun pa wè pwofil mwen?

    Verifye twa bagay: pwofil la pibliye, ou mete dat nesans ou nan Paramèt (fòk ou gen 18 an pou pwofil la parèt), epi ekip la pa t kache l pou yon règ ki pa respekte.

  • Kijan pou m jwenn badj «Verifye» a?

    Nan Paramèt, voye yon foto pyès idantite ou. Ekip la ap gade l, epi w ap resevwa yon repons pa imel. Foto a rete prive.

    Ale →
  • Ki sa estatistik yo montre?

    Konbyen moun ki vizite pwofil ou, konbyen fwa ou parèt nan rechèch, ak konbyen moun ki klike pou kontakte w, chak jou. Se sèlman ou ki wè yo.

    Ale →

Pwojè

  • Kisa yon pwojè ye?

    Lè yon kliyan anboche yon talan, oswa lè yon talan aksepte yon demann pri, yon pwojè kòmanse otomatikman. Li kenbe pri a, dat la ak chak etap, pou de moun yo toujou dakò sou menm bagay la.

    Ale →
  • Kisa k pase lè talan an livre travay la?

    Kliyan an aksepte travay la oswa mande chanjman. Si kliyan an pa reponn pandan 14 jou apre livrezon an, pwojè a fini otomatikman.

  • E si nou pa dakò?

    Nan pwojè a, peze «Mande ekip la èd». Ekip la ap li istwa pwojè a ak konvèsasyon an pou ede nou jwenn yon solisyon.

Kont ak sekirite

  • Mwen bliye modpas mwen.

    Sou paj Konekte a, peze «Ou bliye modpas ou?». W ap resevwa yon lyen pa imel pou chwazi yon nouvo modpas.

    Ale →
  • Kijan pou m pwoteje kont mwen?

    Aktive verifikasyon 2 etap nan Paramèt, chwazi yon modpas ou pa itilize lòt kote, epi pa janm bay pèsonn kòd ou resevwa. Ekip AYITISKILL p ap janm mande w modpas ou.

    Ale →
  • Kijan pou m siyale yon moun?

    Chak pwofil, travay ak konvèsasyon gen yon bouton «Siyale». Rapò a prive: moun nan p ap konnen se ou.

  • Kijan pou m efase kont mwen?

    Nan Paramèt, anba nèt, gen «Efase kont mwen». Sa efase pwofil ou ak enfòmasyon ou yo.

    Ale →

Ou toujou bezwen èd?

Ekip la li chak mesaj. Ou ka mande Èd (asistan an) tou, anba adwat ekran an.